Anpil glwa pou ayisyen ki reyisi ! Par Cliffton Sylvain


Anpil glwa pou Nahomie Osaka, paske li fè siksè, kóm nou renmen aksantegi ayisyen sou tèt tout moun ki selèb, poun fonsel plis ak kreyon admirasyon nou pou lemond remakel.
Anpil chèf debake nan ayewopo potoprens, mwen te menm sispèk gen otorite ki te vle menm met sipesta sou do pou yo kouri tankou foubolè kap kouri ak yon koupdimond, se bèl akèy lèw se ayisyen ki fè blan bat bravo pou ou.
Men lew pa reyisi nan peyi blan, epiw sonje lakay, grenn mango mi, grenn zaboka toufe anba zèb, pate kóde nan chodyè grès machann bó wout yo, pou jere ti trip kap vale gwo trip.Lèw sonje maryani lè boudaw fin plen wal jere estrès ou nan danse konpa manba ak timedam gwo manman yo lè yon zanmi fin jerew 50goud. Siw jwenn chans moun chili yo ki favorizew yon " come back to your country" wap konprann koman kochon nan ravin bwatchèn santil lè tout moun ap gadel koman lap viv nan Malabou malpwopte santi nou yo.

Frèm ak sèm nou tal chache lavi nou pa trouve mouche lavi nan peyi chili. Mwen ak anpil lòt nou di nou byen vini nan peyi nou. Nap kontinye chache mouche lavi....

Cliffton Sylvain
cliffton.syl@gmail.com

Commentaires

Messages les plus consultés de ce blogue

La Paix par le Marché

L'heure de la Jeunesse Haitienne ! Par Cliffton Sylvain

Dialogue de deux compatriotes: le Jeune Cliff et M. Sivain. Par Cliffton Sylvain